Copy
View this email in your browser


Koze Lakou

Bilten Nouvèl Lakou Kajou a | The Lakou Kajou Newsletter

Jen 2022 | June 2022

Rankont an liy Lakou Kajou : materyèl edikatif pou sitiyasyon ijans


Nan moman kriz, li enpòtan pou nou pa bliye edikasyon timoun yo ak emosyon yo tou. Nou te pwodui Ti Lekòl Lakay, ki te devlope pou reponn pwoblèm pandemi KOVID-19 la, se yon kit materyèl pou lekòl ak òganizasyon itilize pou livre edikasyon padan sitiyasyon ijans. Se ak kontantman nou envite ou nan yon rankont an liy k ap fèt, mèkredi, 6 jiyè 2022 a 10 è nan maten pou aprann plis sou pwogram nan ak ki jan ou ka itilize l nan sitiyasyon ijans.  Tanpri, KLIKE ISIT LA pou ou ka enskri nan rankont an liy la ak KLIKE ISIT LA pou patisipe.

Si ou ta renmen resevwa leson Ti Lekòl Lakay nou pataje chak jou, tanpri, ENSKRI nan gwoup WhatsApp nou an.

 

Upcoming Lakou Kajou webinar : educational materials for emergency response 

In times of crisis, it is really important to think about children's education and their emotions as well. Ti Lekòl Lakay, originally developed in response to the  COVID-19 pandemic, is a package of materials that schools and organizations can use to deliver educational programming during crisis situations. We are happy to invite you to our webinar on Wednesday, July 6, 2022 at 10h AM to learn more about this program and how you can use it in emergency situations. Please, CLICK HERE to register to the webinar and CLICK HERE to attend it.

If you would like to receive our daily Ti Lekòl Lakay lessons, please SUBSCRIBE to our Whatsapp group.

 

Lakou Kajou ap ranfòse enplikasyon li nan Sid peyi a !

 

Nou fyè anpil dèske depi Avril, 11 lekòl nan Sid ak 92 lekòl nan Biwo Dyosezen Edikasyon (BDE) nan Nip ap itilize kontni Lakou Kajou pou pote lanmou, amizman ak aprantisaj pou timoun. 

Gras ak kolaborasyon patnè nou Amurt-Haïti, 11 lekòl nan Sid, ak tout lekòl ki nan rezo patnè nou nan BDE nan Nippes resevwa sipò devlopman pwofesyonèl ak akonpayman nesesè pou yo kapab sèvi ak chante, istwa ak pwogram odyo Lakou Kajou a pou timoun zòn sa yo.
 

Pandan gran vakans, ankadrè pedagojik nou ki nan Sid ap òganize rankont nan kominite a pou timoun yo ka gade epizòd Lakou Kajou, chante epi fè aktivite pou amize yo pou ete a. Si ou nan Sid epi ta renmen resevwa  lis aktivite ak lòt kontni nou devlope pou pwogram vakans la, tanpri, ekri nou nan enfo@lakoukajou.ht.

 

 

Lakou Kajou is reinforcing its presence in the South!

 


We are proud that since April, 10 schools in the South and 92 schools from the Bureau Diocésain d’Éducation (BDE) in les Nippes are using  our content to bring love, fun and learning  to  children. 

Thanks to the collaboration with our partner, AMURT-Haiti, the 11 new schools in the South as well as our school partners from BDE in les Nippes are receiving professional development and coaching to provide Lakou Kajou songs, stories and audio programs to children in the region.
 
During the summer, our pedagogical coach in the south will hold community events where children can watch Lakou Kajou episodes, sing and do special activities to enjoy the summer. If you are in the south and would like to have our summer activities, and other content for the summer, please, reach out to us at enfo@lakoukajou.ht.

 

Nou ap refè li ankò : patenarya ak estasyon radyo pou touche plis timoun

Pandan gran vakans yo, Lakou Kajou ap pote kole avèk plizyè estasyon radyo kominotè pou touche plis timoun nan tout peyi a. Nou pral distribiye yon pwogram  radyo ki dire 30 minit pou enterese ak amize timoun yo nan aprann literasi, nimerasi, matematik, lasyans ak plis toujou. Pwogram nan gen ladan l tou chante ak aktivite amizan. RETE BRANCHE sou Paj Facebook nou an pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou kalandriye patnè radyo nou yo.

We are doing it again : partnership with radio stations to reach more children

This summer, Lakou Kajou is developing a partnership with community radio stations to reach more children throughout the country. We will be distributing  30-minute radio programs to engage children in fun learning about literacy, mathematics, science and more. The program includes engaging songs and fun activities. STAY TUNED in our Facebook page for information about the program  schedule of our radio partners.

Gade epi amize w avèk videyo Lakou Kajou sou Youtube

Nou kontan anpil envite ou gade paj Youtube nou an : nou gen plis pase 140 videyo ki ap eveye aprantisaj timoun yo sou lasyans, matematik ak plis toujou. Pou gade videyo nou yo epi koute chante yo, tanpri KLIKE ISIT LA. Nou ankouraje w pataje resous sa yo avèk zanmi ou pou plis timoun ak fanmi ka jwi pwogram nan.

Watch and Enjoy the Lakou Kajou videos in YouTube

We are happy to invite you to take a look at our YouTube Page: we now have over 140 videos that spark children's learning in science, literacy, math and more! To watch our videos and listen to our songs, please, CLICK HERE. We encourage you to share with your friends so more children and families can enjoy the program.

Lakou Kajou patisipe nan 3 gwo rankont sou edikasyon 

Resaman, ekip nou patisipe nan 3 evennman edikatif enpòtan. Nan jou ki te 3 Jen 2022, nou te patisipe nan yon konferans InnovEd-UniQ te reyalize sou materyèl ak ekipman pedagojik pou preskolè ann Ayiti. 

Nan 9-11 Jen 2022, nou te nan konferans « Eksperyans dwe sevi nou leson : Koòdinasyon pou n fè fas kare ak katawstwòf natirèl ». Se te Haiti Response Coalition ak Haiti Development Institute ki te òganize li nan Sid. Nou te gen opòtinite prezante materyèl nou yo ak fason nou te reponn a kriz COVID-19 la ak tranblemantè ki te pase 14 dawout 2021 nan Sid.
 
Nan Jou ki te 7 Jen 2022, nou asiste lansman pwojè USAID a sou « kontinuite aprantisaj » ki te fèt nan otèl Montana, Pòtoprens. Pwojè sa a vle ranfòse aprantisaj timoun yo nan literasi, lekti ak konpetans sosyo-emosyonèl, nan senk rejyon ann Ayiti. 

Lakou Kajou participated at three big educational events

Recently, our team attended three important education events. On Jun 3, 2022, we participated in the InnovEd-UniQ conference on preschool pedagogical materials and equipment in Haiti. 
 
On June 9-11, 2022, we attended  a conference, “Beyond Lessons Learned Coordination for Disaster Response”, co-organized by the Haiti Response Coalition and Haiti Development Institute, in the South. We presented Lakou Kajou materials and how we responded to the crisis situation during the COVID-19 and the earthquake that occurred on August 14, 2021 in the South.
 
On June 7, 2022, we assisted at the Launch of the USAID’s Continuity of Learning Program held at Hotel Montana, Port-au-Prince. This project aims to reinforce children in literacy, reading, and socio-emotional learning, in five regions of Haiti. 

Facebook
Twitter
Website
Instagram
YouTube
Copyright © 2022 Lakou Kajou / TSNE MissionWorks,
All rights reserved.

You are receiving this email because you've expressed interest in Lakou Kajou.
Our communications comply with data privacy laws and GDPR.
You can unsubscribe at anytime.

Our mailing address is:
Fondation MWÈM, 36, Nerette, Pétion-Ville
enfo@lakoukajou.ht
Haiti
Add us to your address book






This email was sent to <<Adrès Imel / Email Address>>
why did I get this?    unsubscribe from this list    update subscription preferences
Copyright (c) 2020 Lakou Kajou / TSNE MissionWorks, All rights reserved. · lk-email@bbutterfly.org · Potoprens · Haiti

Email Marketing Powered by Mailchimp